Deklarasyon Endepandans Repiblik Ayiti

Deklarasyon Endepandans Repiblik Ayiti a se yon dokiman ofisyèl ki pwoklame jou 1e janvye 1804, endepandans Ayiti. Jan Jak Desalin te pwoklame endepandans Ayiti nan vil Gonayiv, sa ki te make fen 13 ane revolisyon ayisyen an. Deklarasyon an te make ke Ayiti te vin premye nasyon endepandan nan Amerik Latin nan e sèlman dezyèm nan Amerik yo apre Etazini[1], anplis ki te vin premye repiblik nwa nan lemonn.[2]

Deklarasyon ofisyèl sa a se te Louis Boisrond-Tonnerre sekretè Janjak Desalin ki te ekri li. Deklarasyon an kòmanse avèk yon pwoklamasyon long nan non nasyon an, ak yon diskou anvan pa mo sa yo :

« Libète oswa lanmò, Lame natif natal, Gonayiv, 1e janvye 1804, 1ye ane Endepandans".[3] »

Apre pwoklamasyon sa a bay Nasyon an, lekti Deklarasyon Endepandans Repiblik Ayiti a kòmanse.

  1. https://academic.oup.com/edited-volume/28336/chapter-abstract/215142903?redirectedFrom=fulltext&login=false. Retrieved 2 oktòb 2022.  Missing or empty |title= (help)
  2. (franse) fr Raymond Bernadin, Berthé (3 mas 2005). « À propos de l'acte d'indépendance d'Haïti de Fort-Liberté. ». lenouvelliste.com. Retrieved 20 fevriye 2021. 
  3. (franse) fr « Intégralité de l'Acte de la Proclamation de l'Indépendance » (PDF). nationalarchives.gov.uk. Retrieved 29 novanm 2013. 

From Wikipedia, the free encyclopedia · View on Wikipedia

Developed by Tubidy